Mizanplas: 25 jen 2020

PRENSIP, POLITIK KONSÈNAN LAVI AK ENFÒMASYON PRIVE EPI KONDISYON ITILIZASYON CombatCOVID YO.

Enprime & Save

CombatCOVID diferan. Se yon teknoloji ekspozisyon ak COVID-19 ki anonym ak sekrè. Li pa trase w, li pa trase mouvmwn ou yo ni li pa bezwen okenn enfòmasyon ki idantifyab pèsonèlman pou enfòme w si out e posibleman ekspoze ak viris COVID-19 la.

Politik sou Lavi Prive sa a esplike kijan CombatCOVID travay, epi kijan nou angaje nou bay moun kontwòl sou enfòmasyon yo.

Nou kwè nan prensip fondamantal ki annapre yo:

  • Nou pa gen okenn kapasite pou aprann okenn enfòmasyon ki idantifye w pèsonèlman oswa enfòmasyon ki gen pou wè ak sante itilizatè CombatCOVID yo, ni nou p ap janm eseye jwenn yo nonplis.
  • Nou pa bezwen, epi nou pa gen kapasite pou pataje non ou, adrès ou oubyen imèl ouan. Nimewo telefòn ou nesesè sèlman pou sistèm la kapab mache sou telefòn ou epi li ankide. Nou p ap janm pataje nimewo telefòn ou ni okenn lòt enfòmasyon ki idantifye w ansanm ak lòt itilizatè CombatCOVID yo.
  • Nou pral ouvè ak klè konsènan ki fonksyon ki egziste, sa yo fè ak fason yo itilize enfòmasyon ou yo.
  • CombatCOVID kenbe tout enfòmasyon kontak yo eksklizivman sou telefòn ou epi okenn lòt kote ankò. Yo pa bay li pèsòn epi yo elimine/retire/efase yo chaj 21 jou.
  • Nou itilize enfòmasyon nou kolekte grasa cookies ansanm ak lòt teknoloji pou ede nou amelyore CombatCOVID epi pou modifye sèvis ak enfòmasyon nou bay yo, PA pou pataje yo ak pyès moun; epi,
  • Pou prevansyon fwòd ak konfòmite legal, ikonpri pou anpeche fwòd oubyen aktivite ki posiblman ilegal, epi mete anplas Kondisyon Sèvis nou yo.

PRENSIP NOU YO

CombatCOVID se yon zouti yo devlope an kowòdinasyon ak administrasyon Eta ak lokal yo, doktè yo ak ofisyèl sante piblik yo pou ede kwape pwopagasyon COVID-19 la. Li itilize teknoloji Bluetooth pou enfò w si ou te an kontak ak yon lòt moun ki t ap itilize aplikasyon an ki te volontèman, anoniman ak konfidansyèlman idantifye tèt li kòm yon moun ki pozitif pou COVID-19 la. Enfòmasyon sa a pa pataje ditou ak okenn tyès pati ni okenn administrasyon lokal, Eta oswa federal ni a okenn òganizasyon sante piblik. Sistèm la – se pa okenn moun ni okenn ajans leta – notifye w si ou te ekspoze posibleman epi li sijere adrès sit kote ou kapab fè tès pou COVID-19 la. Sa ede aktivite pou sèkle epi konbat pandemi a.

Se oumenm sèl ki deside si ou vle di ou pozitif pou COVID-19 grasa CombatCOVID. Si ou deside di, done w ap pataje yo pral ede aktivite entèvansyon piplis toujou pou kwape COVID-19 la, etan y ap otorize moun jwenn plis enfòmasyon osijè espozisyon posib ak viris COVID-19 la yon fason ki anonim ak konfidansyèl.

OU SÈVI AK CombatCOVID SI OU VLE. Ou gendwa mande nou pou efase enfòmasyon pèsonèl ou yo nenpòt kilè nan aplikasyon an menm.

Nou gendwa bezwen modifye partik pwoteksyon elavi prive nou yo pou respekte egzijans legal yo, tankou lòd tribinal, asiyasyon pou konparèt oubyen pou rpezante dokiman oubyen envestigasyon.

SI OU KONTAKTE SÈVIS SIPÒ KLIYAN AN

Si ou chwazi voye nou yon imèl pou sèvis sipò kliyan, nou p ap kenbe, pataje, anrejistre ni prezève nan okenn fason ni re-itilize enfòmasyon kontak imèl ou yo. Tout enfòmasyon imèl kontak ou yo pral efase pou tout tan nan dosye nou nan 72èdtan aprè lè nou te kominike avèk ou pou dènye fwa.

Pandan nenpòt konvèsasyon pou sipò kliyan, nou p ap janm mande w kèlkeswa enfòmasyon ki ka idantifye w , jamè.

LÒT PATAJ ENFÒMASYON

Nou gendwa mete adispozisyon sou CombatCOVID, oubyen relye ak fonksyonalite ki pèmèt ou pataje enfòmasyon ak founisè swen sante, ajans leta, etablisman ki fè tès, elatriye. Tanpri fè atansyon chak fwa ou kontakte nan yon link epi ou kominike avèk yo osijè pataj enfòmasyon pèsonèl. Nou pa gen okenn kontwòl sou jan tyès pati ou chwazi pou aptaje enfòmasyon avèk yo itilize enfòmasyon w yo, jan yo itilize enfòmasyon w yo.

NOU PA FOUNISÈ SWEN SANTE

Tanpri sonje ke nou pa founisè swen sante ni okenn lòt “antite konsènen” kid we plwaye devan Lwa 1996 pou Transferabilite ak Responsabilite Asirans Sante (Health Insurance Portability and Accountability Act of 1996, HIPAA) epi nou pa oblije respekte kondisyon li yo pou travay ak enfòmasyon sante.

Okenn wèbsayt, aplikasyon mobil oswa transmisyon Entènèt sekirize nèt, kidonk nou pa kapab garanti p ap janm gen okenn aksè ki pa otorize, pirataj, pèt done oswa entrizyon oubyen nenpòt lòt tip move itilizasyon. Fè atansyon kikote ak kijan ou pataje enfòmasyon pèsonèl—itilize WiFi spots piblik yon fason rezonab epi evite klike sou lyen ki pa familye oubyen evite itilize aparèy ou konn sèvi avèk yo souvan.

Nou gendwa afiche yon avi atravè CombatCOVID si gen yon ensidan sekirite. Nou gendwa voye tou ba w yon avi grasa enfòmasyon kontak ou te bannou pou n itilize nan sikonstans sa yo. Selon kikote ou rete a, ou gendwa gen yon dwa pou resevwa yon avi alekri si gen yon ensidan vyolasyon pwoteksyon done oswa yon ensidan sekirite.

CHWA W YO

Si Ou Efase Aplikasyon an Sa Dezaktive Kont Ou ansanm ak Enfòmasyon si W Te Ekspoze ak Viris COVID-19 la. Ou gendwa dezaktive kont ou an nenpòt lè; pou fè sa, annik dezenstale aplikasyon an.

Chwa pou Pa Resevwa Notifikasyon Push yo. Si ou aksepte resevwa notifikasyon push yo apatide aplikasyon an, nou gendwa voye alèt notifikasyon push oubyen alert nan aparèy mobil ou an detanzantan. Ou kapab dezaktive notifikasyon push yo ak alèt yo nenpòt lè si w dezenstale aplikasyon an, si ou chanje paramèt dispozitif ou an oubyen si ou chanje paramèt notifikasyon push yo anndan aplikasyon an.

KONDISYON LAJ

CombatCOVID pa pou timoun ki gen mwens pase 13zan. Si ou gen ant 13 ak 17tan, ou kapab sèvi ak CombatCOVID si paran ou oswa gadyen legal out e revwa epi aksepte Kondisyon Sèvis la nan plas ou.

CHANJMAN NAN POLITIK SOU PWOTEKSYON LAVI PRIVE AN

Nou gendwa aktyalize Politik Pwoteksyon Lavi Prive sa a detanzantan. Si nou fèchanjman enpòtan nan Politik Pwoteksyon Lavi Prive nou an ou pa aksepte, dezenstale aplikasyon an epi tout enfòmasyon konsènan notifikasyon pou si w ekspoze nan viris la pral efase. Si w kontinye itilize aplikasyon an, sa vle di ou aksepte chanjman sa yo.

KONTAKTE NOU

Si w gen nenpòt fidbak oswa nenpòt kesyon, kòmantè oubyen preyokipasyon konsènan Politik sou Pwoteksyon Lavi Prive sa a oubyen pratik nou yo konsènan pwoteksyon enfòmasyon prive, tanpri voye yon imèl bannou nan info@combatcovidapp.com oubyen ekri nou nan adrès ki annapre a:

Shield Group Technologies, LLC

CombatCOVID App

3801 PGA Boulevard

Palm Beach Gardens, FL 33410

Koumanse: 30 jen 2020

 

 

 

 

KONDISYON ITILIZASYON

TANPRI PRAN SAN OU POU LI SA KI ANNAPRE A PASKE SA AFEKTE DWA OU YO. KONDISYON SÈVIS SA YO GEN LADANN YON AKÒ POU ARBITRE KI EGZIJE IZAJ ARBITRAJ POU CHAK KA APA POU REZOUD DISPIT YO OLYE POU YON JIRI OUBYEN NENPÒT LÒT PWOSEDI TRIBINAL OSWA KENENPÒT POUSUIT YON GWOUP MOUN ANTREPRANN. AL GADE NAN SEKSYON 10.1-10.10 ANBA YO POU JWENN KONDISYON AKÒ ABITRAJ SA A.

Kondisyon sèvis sa yo (“Kondisyon Sèvis yo” oubyen “Kondisyon yo”) konstitye yon akò ant oumenm, Shield Group Technologies, LLC (ak afilye li yo) epi Konte Palm Beach, FL (tout ansanm rele “Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL” oswa “Nou” oubyen “Noumenm/N”) konsènan lefèt pou w ap sèvi ak CombatCOVID. Lè ou jwenn aksè oubyen ou itilize CombatCOVID, ou aksepte epi ou dakò ak Kondisyon Sèvis sa yo ansanm ak Politik sou Pwoteksyon Lavi Prive a, ki entegre nan Kondisyon sa yo pa referans. Ou deklare ke ou pa gen entèiksyon pou resevwa pwodui ki soti Etazini, tankou sèvis oubyen lojisyèl. Si ou gen ant 13 ak 17tan, ou kapab sèvi ak CombatCOVID sèlman si paran oswa gadyen legal ou te revwa epi aksepte Kondisyon sa yo nan plas ou. Timoun ki poko gen 13zan pa ta dwe itilize  CombatCOVID jamè. Anplisdesa, CombatCOVID pa otorize pou rezidan oswa itilizatè ki sitye nan Zòn Ekonomik Ewopeyèn la pou kounye a. Si rive yon moman ou pa dakò ak nenpòt pati nan vèsyon ki aktyèl Kondisyon Sèvis la nan moman sa a, ak Politik sou Pwoteksyon Lavi Prive oswa nenpòt lòt politik, règ oswa kòd Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL yo ki gen pou wè ak lefèt ke w ap itilize CombatCOVID, ou ta dwe sispann itilize  CombatCOVID touswit epi elimine CombatCOVID sou tout aparèy ou yo.

 

TAB DÈ MATYÈ

Seksyon 1: LISANS AK LIMITASYON YO

Seksyon 2: ENFÒMASYON ITILIZATÈ A

Seksyon 3: DWA PWOPRIYET

Seksyon 4: MIZAJOU AK POLITIK SOU PWOTEKSYON LAVI PRIVE

Seksyon 5: GARANTI AK  DIVILGASYON/LIMITASYON/RENONSYASYON/INDEMNIZASYON MEDIKAL

Seksyon 6: AKÒ POU ARBITRE

Seksyon 7: DIVÈS

LISANS AK LIMITASYON YO

1.1. Lisans Limite. Akondisyon ou dakò epi si ou kontinye respekte Kondisyon sa a yo ansanm ak nenpòt politik pètinan Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL yo, Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL ba w yon lisans ki pa eksklizif, ki pa transferab, ki revokab, epi limite pou jwenn aksè epi itilize CombatCOVID grasa yon navigatè web oswa yon aparèy mobil sèlman pou objektif pa w yo ki pa komèsyal. Ou dakò pou pa itilize CombatCOVID pou okenn lòt objektif. Ou gendwa resevwa, pou gratis, sèten mesaj (notifikasyon) ki an rapò ak lefè ke w ap sèvi ak CombatCOVID, ikonpri men se pa sa sèlman, mesaj adminsitratif, anons pou sèvis la ak mizajou aplikasyon an, nan men Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL, konpayi telefoni mobil ou an oswa founisè sèvis tyès pati yo. Ou se sèl moun ki responsab pou jwenn souskripsyon adisyonèl oswa sèvis konektivite oubyen ekipman ki nesesè a pou konekte nan CombatCOVID, a ki gen ladann men se pa sa sèlman, peman tout chaj tyès pati yo ki asosye ak sa ki enimere anvan yo, sa ki gen ladann chaj pou enfòmasyon ki voye bay oswa atravè CombatCOVID.

1.2. Restriksyon nan Lisans yo. Nenpòt itilizasyon CombatCOVID ki pa respekte resriksyon lisans sa yo oubyen Kondisyon sa yo entèdi nèt epi sa ka debouche sou revokasyon imedyat lisans kimite ou an yo te ba w nan Kondisyon sa yo, epi ou gendwa koupab vyolasyon lalwa ak Kondisyon sa yo. Nenpòt esè ou ta fè pou pètibe oubyen entèfere ak CombatCOVID, sa ki gen ladann sape oubyen manipile operasyon lejitim nenpòt aplikasyon se yon vyolasyon Kondisyon sa yo epi sa ka yon vyolasyon lalwa. Ou dakò ou p ap anba okenn sikonstans, fè okenn nan bagay ki dekri anba la yo:

1.2.1. Itilize, kreye oubyen ede kreye cheats, eksplwa, lojisyèl otomasyon, bots, hacks, mods oubyen nenpòt lojisyèl tyès pati ki kreye pou modifye oubyen entèfere ak CombatCOVID oubyen ak nenpòt eksperyans aplikasyon;

1.2.2. Modifye oubyen lakòv nenpòt fichye modifye ki fè pati nan CombatCOVID;

1.2.3. Pètibe, sircharje oswa ede oubyen asiste pètibasyon oswa sircharj (1) nenpòt konpitè oubyen sèvè ki itilize pou ofri oswa sipòte CombatCOVID oubyen nenpòt anviwònman aplikasyon; oubyen (2) itilizasyon CombatCOVID pou nenpòt moun;

1.2.4. Demare, asiste oswa patisipe nan nenpòt tip atik, sa ki gen ladann men se pa sa sèlman, distribisyon limite yon viris, atak refi sèvis sou CombatCOVID, oubyen lòt tantativ pou pètibe CombatCOVID oubyen itilizasyon oswa jwisman nenpòt moun ak CombatCOVID;

1.2.5. Tantativ pou jwenn aksè ki pa otorize nan CombatCOVID, kont ki anrejistre oswa enfòmasyon zòt yo founi oswa ki gen pou wè ak zòt yo oswa ak konpitè, sèvè oswa rezo ki konekte ak CombatCOVID nan nenpòt fason ki pa entèfas itilizatè a Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL, founi, ki gen ladann men se pa sa sèlman, evite oswa modifye, eseye evite oswa modifye, oubyen ankouraje oswa asiste nenpòt moun pou evite oswa modifye, nenpòt sekirite, teknoloji, dispozitif oswa lojisyèl ki fè pati nan CombatCOVID;

1.2.6. Fè nenpòt zak ke Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL konsidere ki an konfli ak lespri oswa entansyon CombatCOVID, sa ki gen ladann men se pa sa sèlman, evite oswa manipile Kondisyon sa yo, règ aplikasyon nou yo, mekanik oswa politik aplikasyon yo;

1.2.7. Itilizasyon sèvis sipò Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL yon fason ki pa kòrèk;

1.2.8. Itilize CombatCOVID, entansyonèlman oswa pa entansyonèlman, an rapò ak kenenpòt vyolasyon nenpòt lwa oubyen règleman ki aplikab, oubyen fè nenpòt bagay ki pwomouvwa vyolasyon nenpòt lwa oswa règleman ki aplikab;

1.2.9. Itilize CombatCOVID oswa nenpòt pati ladann pou kèlkeswa objektif komèsyal la, ki gen ladann men se pa sa sèlman, nenpòt piblisite oswa kòlpòtaj komèsyal.

1.2.10. Transmèt kominikasyon ki pa otorize atravè CombatCOVID, sa ki gen ladann nenpòt materyo ki pwomouvwa lojisyèl malveyan (malware), lojisyèl espyon (spyware) ak bagay pou telechaje;

1.2.11. Tantativ pou pèsekite, kraponnen, abize oswa fè ditò oswa domaje oubyen defann enterè oubyen ankouraje pèsekisyon, abi oswa domaj sou yon lòt moun, ikonpri anplwaye epi/oswa reprezantan sèvis kliyan Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL yo;

1.2.12. Mete adispozisyon grasa CombatCOVID enfòmasyon ki anpyete sou nenpòt dwa pou pwoteksyon lavi prive, oswa nenpòt lòt dwa oubyen antite oswa ki pran idantite nenpòt lòt moun men ki pa limite a yon anplwaye ei/oswa yon reprezantan sèvis kliyan Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL;

1.2.13. Itilize nenpòt lojisyèl tyès pati ki pa otorize ki jwenn aksè, entèsepte, “mine” oubyen ki kolekte enfòmasyon nenpòt lòt fason nan men oswa atravè CombatCOVID oubyen ki an transit pou ale oswa ki destine pou CombatCOVID, sa ki gen ladann, men se pa sa sèlman, nenpòt lojisyèl ki li zòn RAM yo oubyen fli trafik rezo a CombatCOVID itilize pou estoke enfòmasyon konsènan eleman aplikasyon oswa anviwònman an. Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL gendwa, dapre pouvwa diskresyonè inik ak absoli li, otorize izak sèten entèfas itilizatè tyè;

1.2.14. Entèsepte oswa obsève nenpòt pwotokòl kominikasyon pwopriyete eksklizif yon itilizatè, kliyan, sèvè oswa CombatCOVID itilize, kèlkeswa si se atravè itilizasyon yon analizè rezo, yon packet sniffer oubyen lòt dispozitif;

1.2.15. Fè nenpòt izaj otomatize ak sistèm la oubyen pran nenpòt aksyon ki enpoze oswa gendwa enpoze (selon pouvwa diskresyonè eksklizif nou an) yon chaj ki pa rezonab oswa ki twò lou yon fason ki dispwopòsyone sou enfrastrikti nou an;

1.2.16. Kontoune nenpòt fichye eksklizyon wobo oubyen lòt mezi ki vize pou limite aksè a nan CombatCOVID oubyen itilize nenpòt lojisyèl, teknoloji oubyen dispozitif pou voye enfòmasyon oswa mesaj, scrape, spider, oswa crawl CombatCOVID, oubyen rekòlte oswa manipile done yo;

1.2.17. Itilize, fasilite, kreye oswa kenbe koneksyon ki pa otorize ak CombatCOVID, sa ki gen ladann men se pa sa sèlman nenpòt koneksyon nan sèvè ki pa otorize ki imite, oubyen eseye limite nenpòt pati nan CombatCOVID oubyen nenpòt koneksyon grasa pwogram, zouti oubyen lojisyèl Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL pa apwouve ekspreseman;

1.2.18. Fè enjenyeri envès, dekonpile, dezasanble, dechifre oubyen fè nenpòt ki lòt tantativ pou derive kòd sous la pou nenpòt lojisyèl sou-jasan oswa lòt pwopriyete entelektyèl ki itilize pou ofri CombatCOVID, oubyen pou jwenn nenpòt enfòmasyon nan men CombatCOVID grasa nenpòt metòd  Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL pa t otorize ekspreseman;

1.2.19. Kopye, modifye oswa distribye dwa oswa kontni apatide nenpòt sit oswa aplikasyon Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL oubyen dwa dote oswa mak komèsyal Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL yo oubyen itilize nenpòt metòd pou kopye oswa distribye kontni CombatCOVID, eksepte jan sa te otorize espesifikman nan Kondisyon Sèvis sa yo.

1.2.20. Kolekte, rekòlte oubyen afiche enfòmasyon prive kèlkeswa moun lan, ikonpri enfòmasyon ki gendwa idantifye moun pèsonèlman oswa dokiman idantite atravè CombatCOVID;

1.2.21. Telechaje oswa transmèt oubyen eseye telechaj oswa transmèt, san pèmisyon eksprès Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL la, nenpòt materyo ki aji kòm yon mekansim kolèk oswa transmisyon enfòmasyon pasiv oubyen aktiv;

1.2.22. Kreye yon kont oswa jwenn aksè nan CombatCOVID si ou poko gen 13zan;

1.2.23. Pa siveye kont ou pou anpeche timoun ki poko gen 18tan sèvi avèk li oswa pa refize bay timoun ki poko gen 13zan aksè nan kont ou an (etan ou konprann ke ou aksepte tout responsabilite a pou nenpòt timoun minè ki itilize CombatCOVID san otorizasyon an rapò ak kont ou an);

1.2.24. Posede plis pase yon kont, pou chak platfòm oswa SNS, nenpòt kilè oubyen kreye yon kont grasa yon idantife oswa enfòmasyon ki fo oubyen pou kont yon lòt moun;

1.2.25. Posede yon kont oswa itilize CombatCOVID si Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL te retire w deja oswa te bani w anvan sa deja pou w pa itilize okenn aplikasyon Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL;

1.2.26. Itilize CombatCOVID si ou nan yon peyi Etazini mete yon anbago sou li oubyen si ou sou lis Depatman Trezò Etazini a pou Nasyono ki Deziyen Espesyalman (Specially Designated Nationals). Anplisdesa, tout lwa Etazini ak ki pa soti Etazini konsènan kontwòl ekspòtasyon ak sanksyon komèsyal (“Lwa sou Ekspòtasyon”). Ou pa gen dwa, dirèkteman oswa endirèkteman, ekspòte, re–ekspòte, ofri osnon transfere CombatCOVID: (a) bay nenpòt moun, antite oswa peyi Lwa sou Ekspòtasyon entèdi; (b) bay nenpòt moun ki sou lis Etazini oswa ki pa soti Etazini ki endike pati ki entèdi yo; oswa (c) pou nenpòt objektif Lwa konsènan Ekspòtasyon entèdi, sa ki gen ladann zam nikleyè, chimik oswa biyolojik oubyen aplikasyon teknoloji misil san otorizasyon gouvènman ki obligatwa a. Ou p ap itilize ni telechaje CombatCOVID pou okenn objektif Lwa sou Ekspòtasyon yo entèdi, epi u p ap kache anplasman jewografik ou grasa IP proxying oswa lòt metòd; oswa

1.2.27. Bay sou-lisans, lwe, afème, vann, echanje, fè kado, lege oubyen transfere nenpòt lòt fason kont ou an bay pèsòn san pèmisyon alekri Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL.

1.3. Enfòmasyon Koneksyon. Pandan pwosesis kreyasyon kont la, w ap dwe konekte w ak telefòn ou (tout ansanm se “Enfòmasyon Koneksyon”). Règ ki annapre yo jere sekirite Enfòmasyon Koneksyon ou an: (a) ou dakò pou pa pataje Enfòmasyon Koneksyon ou ak okenn lòt moun, kite pyès lòt moun jwenn aksè nan kont ou an oubyen fè kèlkeswa bagay la ki ta ka menase sekirite kont la; (b) sizoka ou ta vin konnen oswa sispekte yon entwizyon sekirite, ikonpri men se pa sa sèlman, nenpòt pèt, vòl oswa divilgasyon Enfòmasyon Koneksyon yo ki pa otorize, ou dakò pou notifye touswit Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL; (c) se ou sèl ki responsab pou garanti konfidansyalite Enfòmasyon Koneksyon yo, epi ou dakò se ou ki responsab pou tout itilizasyon Enfòmasyon Koneksyon yo; epi (d) se oumenm ki responsab nenpòt bagay ki rive akòz kont ou an.

ENFÒMASYON ITILIZATÈ

2.1. Enfòmasyon Itilizatè. “Enfòmasyon Itilizatè” siyifi enfòmasyon ki telechaje oswa ki transmèt grasa CombatCOVID, sa ki gen ladann men se pa sa sèlman, adrès IP ak enfòmasyon pèsonèl ou yo.

2.2. Enfòmasyon Ou Founi Atravè CombatCOVID. Ou responsab pou tout enfòmasyon ou bay yo atravè oubyen an rapò ak CombatCOVID epi ou pataje ak lòt moun. Si ou prezante sijesyon, pwopozisyon, kòmantè, fidbak oubyen lòt materyo (tout ansanm yo rele “Soumisyon” yo) anndan CombatCOVID, ou konprann epi ou dakò pou Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL (1) p ap gen okenn obligasyon pou kenbe Soumisyon yo sekrè; (2) p ap gen okenn obligasyon pou voye tounen Soumisyon ou yo ni reponn nan okenn fason; epi (3) gendwa itilize Soumisyon ou yo pou nenpòt objektif san preyavi ni konpansasyon ba w.

2.3. Entèaksyon Itilizatè a. Ou rekonèt epi ou dakò ke, lè w enskri nan CombatCOVID ak nimewo telefòn mobil ou an, ou bay konsantman eksprès ou pou resevwa notifikasyon ki gen pou wè ak CombatCOVID nan men Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL ak reprezantan li yo, epi se ou ki abone nan nimewo telefòn ou bay la oswa se oumenm ki itilizatè regilye nimewo sa a sou yon plan pou fanmi oswa yon plan biznis epi ou otorize pou enskri w pou resevwa notifikasyon nan nimewo sa a.

Se oumenm ki sèl responsab pou entèyaksyon ou yo ak nenpòt pati ou an kontak avèk yo atravè CombatCOVID. Si ou gen yon dispit ak pati sa yo, ou libere Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL (ansanm ak ofisye, direktè, ajan, sibsidyè, antrepriz jwent ak anplwaye yo) kont reklamasyon, demann ak domaj-enterè (aktyèl ak endirèk) nenpòt tip ak nati, ki koni ak enkoni, ki bazen sou oubyen ki konekte nenpòt fason ak dispit sa yo, ki gen ladann men se pa sa sèlman, domaj pou pèt pwofi, goodwill, izaj done yo. Si ou yon rezidan California, ou renonse Kòd Sivil California §1542, ki di: “Yon egzanpsyon jeneral pa pwolonje reklamasyon yo kote kreyansye an pa konnen ni pa sispèk yo egziste nan favè li nan moman li t ap egzekite kontra lokasyon an, ke si li te konn sa te dwe afekte anpil aranjman li ak debitè a.” Si ou rezidan yon lòt Eta, palaprezant ou renonse nenpòt pwovizyon sanblab nan lwa Eta a ki aplikab pou egzanpsyon yo.

SISPANSYON AK FÈMTI KONT AK SÈVIS

SAN LIMITASYON POU NENPÒT LÒT REKOU NOU YO, AVÈK OSWA SAN PREYAVI BA W, NOU GENDWA LIMITE, SISPANN, FÈMEN, MODIFYE OSWA EFASE KONT OSWA AKSÈ NAN COMBATCOVID OUBYEN NAN PATI LADAN YO SI OUMENM, OSWA SHIELD GROUP TECHNOLOGIES AK KONTE PALM BEACH, FL SISPÈK OU P AP RESPEKTE OKENN NAN KONDISYON SÈVIS SA YO OSWA POU NENPÒT ITILIZASYON SISPKETE ILEGAL OSWA KI PA KÒRÈK AK COMBATCOVID, KI REYE RISK OSWA RESPONSABILITE SIVIL POSIB, KI ANPYETE SOU DWA PWOPRIYETE ENTELEKTYÈL TYÈS PATI, OUBYEN KI NAN LÒT FASON AP AJI YON FASON KI PA KONFÒM AK TÈKS OSWA ESPRI KONDISYON OSWA POLITIK NOU YO. OU KAPAB PÈDI NON ITILIZATÈW LAN AK PÈSONAJ OU AKÒZ YO FÈMEN OSWA LIMITE KONT OU AN, ANSANM AK NENPÒT BENEFIS AK PRIVILÈJ KI ASOSYE AK FASON OU ITILIZE  COMBATCOVID, EPI OU P AP GEN OKENN DWA POU KONPANSASYON OSWA REMÈD POU NENPÒT NAN PÈT OSWA REZILTA SA YO.

Nou rezève dwa a pou sispann ofri oswa sipòte CombatCOVID oubyen yon aplikasyon oubyen pati nan CombatCOVID an patikilye nenpòt kilè, swa pou tout tan oubyen pou yon ti tan, kidonk lisans ou pou sèvi ak CombatCOVID oswa yon pati ladann pral fini otomatikman oswa yo pral sispann li. Nan ka sa a, Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL p ap bay itilizatè yo okenn ranbousman, benefis oswa lòt konpansasyon an rapò ak eleman  CombatCOVID sa yo yo diskontinye. Lè yo fèmen kont ou an, sa gendwa gen ladann dezaktive aksè ou genyen nan CombatCOVID oubyen nan nenpòt pati ladann, ikonpri nenpòt enfòmasyon ou te soumèt oubyen lòt moun te soumèt.

DWA PWOPRIYETE

3.1. Aplikasyon nou an. CombatCOVID (ki gen ladann men se pa sa sèlman, nenpòt tit, kòd konpitè, tèm, objè, efè audio–vizyèl, metòd operasyon, dwa moral, dokimantasyon ak dwa pwopriyete entelektyèl yo) se yon mak komèsyal ak tavay ki pwoteje ak dwa dote ki pou Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL. Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL rezève tout dwa, ki gen ladann men se pa sa sèlman, tout dwa pwopriyete entelektyèl oswa lòt dwa pwopriyete ki an rapò ak CombatCOVID.

3.2. Kont yo. Sof estipilasyon kontrè nan Kondisyon sa yo, ou rekonèt epi ou dakò ou pa gen okenn dwa pwopriyete oubyen lòt enterè pwopriyetè nan yon kont, epi ou rekonèt tou epi ou dakò ke tout dwa yo sou oswa nan yon kont se pwopriyete epi se pwopriyete pou tout tan epi avantaje Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL. Kont yo ki kreye lakay nou ap konsidere aktif jiskaske nou resevwa demann yon itilizatè pou dezaktive oswa efase yo oubyen jiskaske nou chwazi pou fèmen yo konfòmeman ak Kondisyon sa yo. Anplisdesa, nou rezève dwa pou fèmen nenpòt kont nou konsidere ki pa aktif. Pou jwenn plis enfòmasyon sou fason pou dezaktive ak fèmen kont ou an ansanm ak praatik nou yo konsènan retansyon done yo, tanpri al konsilte Politik Pwoteksyon Lavi Prive CombatCOVID la.

3.3. Enfòmasyon Itilizatè. Lè ou soumèt nenpòt Enfòmasyon Itilizatè etan w ap sèvi ak CombatCOVID, ou afime, deklare epi garanti ke soumisyon an (a) presi; (b) li pa an vyolasyon ak okenn lwa ki aplikab, restriksyon kontraktyèl oubyen dwa tyès pati; (c) pa gen viris ladann, ni okenn adware (piblisyèl), spyware (lojisyèl espyon), worms (vè enfòmatik oubyen lòt kòd malveyan; epi (d) Shield Group Technologies ak Palm Beach County, FL pral toujou travay sou Enfòmasyon Itilizatè yon fason ki konfòm ak Politik sou Lavi Prive li.

MIZAJOU YO AK POLITIK SOU PWOTEKSYON LAVI PRIVE

4.1. Sèvis. Ou konprann ke CombatCOVID ap evolye. Nou gendwa egzije pou w aksepte mizajou yo pou CombatCOVID epi pou aplikasyon nou yo ou enstale sou konpitè w oswa aparèy mobil ou an. Ou rekonèt epi ou dakò  Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL gendwa aktyalize  CombatCOVID san yo pa oblije notifye w desa. Ou gendwa bezwen aktyalize lojisyèl tyès pati yo detanzantan pou kapab sèvi ak CombatCOVID.

4.2. Politik Pwoteksyon Lavi Prive. Politik Pwoteksyon Lavi Prive  jere tou jan ou sèvi ak CombatCOVID, eppi li entegre nan Kondisyon sa yo par referans. Nou konsidere li enpòtan pou nou  pwoteje Zafè prive w. Nou ankouraje w pou w li Politik Pwoteksyon Lavi Prive sa a avèk atansyon epi pou w itilize li pou pran desizyon ki eklere. Lè ou kreye yon kont oswa ou jwenn aksè oubyen ou itilize CombatCOVID, ou aksepte epi dakò pou plwaye devan Kondisyon Sèvis sa yo ak Politik Pwoteksyon Lavi Prive sa a. Sizoka Kondisyon  Sèvis yo oswa Politik Pwoteksyon Lavi Prive CombatCOVID la an konfli ak nenpòt lòt kondisyon, politik, règ oswa kòd konpòtman Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL yo, se egzijans ki nan Kondisyon Sèvis sa yo ak nan Politik Pwoteksyon Lavi Prive CombatCOVID la ki pral gen priyorite.

4.3. Mizajou Kondisyon Sèvis epi Politik Pwoteksyon Lavi Prive Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL. Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL rezève dwa, dapre pouvwa diskresyonè nou, pou chanje, modifye, ajoute oswa retire pati nan Kondisyon Sèvis sa yo ak nan Politik Pwoteksyon Lavi Prive CombatCOVID la nenpòt kilè, si yo afiche Kondisyon yo ki amande sou oswa anndan CombatCOVID. Ou gendwa resevwa tou yon preyavi adisyonèl, tankou mesaj tèks CombatCOVID, si gen nenpòt chanjman. Nou pral konsidere ou te aksepte chanjman sa yo si ou kontinye sèvi ak CombatCOVID. Sof estipilasyon kontrè, tout kondisyon ki amande yo pral anplas otomatikman lè yo afiche. Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL gendwa revwa lòt politik, kòd oswa règ nenpòt lè. P ap gen okenn amannman Kondisyon Sèvis yo oswa Politik Pwoteksyon Lavi Prive sa a ki pral aplikab pou okenn dispit kote Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL te pran konesans dispit la anvan dat amannman an.

GARANTI AK EGZANPSYON MEDIKAL / LIMITASYON / RENONSYASYON / INDEMNIZASYON

5.1. EKSKLIZYON GARANTI YO. OU AKSEPTE EKSPRESEMAN KE SI OU SÈVI AK COMBATCOVID, SE OUMENM SÈL KI PRAN RISK LA EPI YO OFRI W LI SOU YON BAZ “JAN LI YE A” SAN OKENN TIP GARANTI, SWA EKSPRÈS OSWA TASIT, KI GEN LADANN MEN SE PA SA SÈLMAN, GARANTI TIT OSWA GARANTI TASIT NON-ANPYÈTMAN, KOMÈSYABILITE OSWA KONFÒMITE POU YON OBJEKTIF ANPATIKILYE (EKSEPTE SÈLMAN NAN MEZI LALWA APLIKAB ENTÈDI SA AK NENPÒT KI PERYÒD GARANTI KI OBLIGATWA LEGALMAN DAPRE SWA TRANT (30) JOU APATIDE LÈ OU TE ITILIZE LI POU PREMYE FWA OUBYEN PERYÒD MINIMÒM DAPRE LWA KI APLIKAB LA). SAN LIMITE SA KI MAKE ANVAN AN, NI SHIELD GROUP TECHNOLOGIES NI KONTE PALM BEACH, FL NI AFILYE OSWA SIBSIDYÈ LI YO, OSWA NENPÒT DIREKTÈ, ANPLWAYE, AJAN, AVOKA, FOUNISÈ KONTINY TYÈS PATI, PATNÈ SÈVIS, DISTRIBITÈ, BENEFISYÈ KI RESEVWA OUBYEN ANTITE KI BAY LISANS (TOUT ANSANM, “PATI SHIELD GROUP TECHNOLOGIES AK KONTE PALM BEACH, FL YO”) GARANTI KE COMBATCOVID PA SIBI OKENN ENTERIPSYON OSWA P AP GEN ERÈ LADANN.

5.2. KLOZ NON-RESPONSABILITE MEDIKAL. NOU PA BAY OKENN KONSÈY MEDIKAL NI ASIRANS KONSÈNAN SANTE OSWA SEKIRITE.

COMBATCOVID PA OFRI KONSÈY NI DYAGNOSTIK MEDIKAL, NI PRATIKE LAMEDSIN. KONTNI APLIKASYON SA A, KI GEN LADANN TÈKS, GRAFIK, IMAJ ANSANM AK LÒT MATERYO COMBATCOVID KREYE OSWA KI KONTNI NAN NENPÒT FASON NAN COMBATCOVID SE POU ENFÒMASYON SÈLMAN, EPI SE POU LI RANPLASE KONSÈY MEDIKAL PWOFESYONÈL, DYAGNOSTIK, TRETMAN OSWA ENFÒMASYON SANTE PIBLIK. NOU PA KAPAB GARANTI LI PRAL EVALYE KÒRÈKTEMAN AK GLOBALMAN RISK POU OU TE KA EKSPOZE AK COVID-19 OSWA POU YON MOUN KI TESTE POZITIF POU VIRIS LA.

OOUMENM SÈL OU RESPONSAB SI OU FYE W SOU NENPÒT ENFÒMASYON COMBATCOVID BAY YO OUBYEN KI AN RAPÒ AK SÈVIS LI YO. TOUJOU CHÈCHE JWENN KONSÈY DOKTÈ W LAN OUBYEN LÒT FOUNISÈ SANTE KI KALIFYE, OUBYEN ANTITE LETA KI APWOPRIYE, SI W GEN NENPÒT KESYON KONSÈNAN SANTE W OSWA COVID-19. SI OU KWÈ OU GENDWA GEN YON IJANS MEDIKAL, RELE DOKTÈ W OSWA 911 TOUSWIT. COMBATCOVID PA REKÒMANDE NI ANDOSE OKENN TÈ ESPESIFIK, DOKTÈ, PWODUI, PWOSEDI, OPINYON OSWA LÒT ENFÒMASYON KI GENDWA MANSYONE NAN COMBATCOVID.

5.3. RESTRIKSYON YO; RENONSYASYON RESPONSABILITE SIVIL. OU REKONÈT EI OU DAKÒ, NAN TOUT MEZI LALWA APLIKAB PÈMÈT LI, KLOZ NON-RESPONSABILITE YO KI NAN KONDISYON SA YO APLIKAB POU TOUT AK NENPÒT DOMAJ OSWA PREJIDIS KI KOZE OSWA KI GEN POU WÈ AK ITILIZASYON OUBYEN ENKAPASITE POU ITILIZE COMBATCOVID DAPRE NENPÒT MOTIF AKSYON KÈLKONK NAN NENPÒT JIRIDIKSYON SWA FEDERAL, ETA, LOKAL, MUNICIPALITE SWA NENPÒT LÒT FASON, KI GEN LADANN MEN SE PA SA SÈLMAN, AKSYON POU VYOLASYON GARANTI, RESPONSABILITE ESTRIK, KONFYANS PREJIDISYAB, VYOLASYON LAVI PRIVE OSWA DIVILGASYON ENFÒMASYON PRIVE, DISEMINASYON ENFÒMASYON KI FO OSWA KI NEGATIF, VYOLASYON KONT OSWA NENPÒT RESPONSABILITE SIVIL (KI GEN LADANN NEGLIJANS TOU) EPI PATI SHIELD GROUP TECHNOLOGIES AK KONTE PALM BEACH, FL YO P AP RESPONSAB POU OKENN DOMAJ KÈLKESWA, KI GEN LADANN MEN PA SÈLMAN, DOMAJ DIRÈK, PINITIF, KONPANSATWA, KONTRAKTYÈL, ENDIRÈK, AKSIDANTÈL, ESPESYAL, EGZANPLÈOSWA ENDIRÈK, KI GEN LADANN PÈT PWOFI, GOODWILL OSWA DONE, KÈLKESWA FASON AN KI BAZE OUBYEN KI GEN POU WÈNAN NENPÒT FASON AK ITILIZASTON OSWA ENKAPASITE POU ITILIZE COMBATCOVID. OU REKONÈT ANPLIS ESPESIFIKMAN KE PATI SHIELD GROUP TECHNOLOGIES AK KONTE PALM BEACH, FL YO PA RESPONSAB EPI OU DAKÒ PA ESEYE METE RESPONSABILITE A SOU DO PATI SHIELD GROUP TECHNOLOGIES NI KONTE PALM BEACH, FL YO, POU KONPÒTMAN TYÈS PATI, SA KI GEN LADANN LÒT ITILIZATÈ COMBATCOVID AK OPERATÈ SIT EKSTÈN, EPI SE OUMENM KI SÈL RESPONSAB POU RISK POU COMBATCOVID AK SIT EKSTÈN YO, AK POU RISK POU PRAN CHÒK AKÒZ DE YO.

SIZOKA YON TRIBINAL KI SOU TERITWA ETAZINI DESIDE LI GEN JIRIDIKSYON SOU SHIELD GROUP TECHNOLOGIES, LLC OSWA KONTE PALM BEACH, FL, OUBYEN KONT NENPÒT NAN DIREKTÈ LI YO, AVOKA, TYÈS PATI, ANPLWAYE, SOU-KONTRAKTYÈL OSWA NENPÒT LÒT MOUN OUBYEN ANTITE KI AVÈK SHIELD GROUP TECHNOLOGIES, LLC OSWA KONTE PALM BEACH, FL NAN NENPÒT KAPASITE, NAN MEZI LALWA APLIKAB OTORIZE LI, NAN OKENN SIKONSTANS PATI SHIELD GROUP TECHNOLOGIES NI KONTE PALM BEACH, FL YO AP RESPONSAB ANVÈ OU POU PLIS PASE DIS (10) DOLLARS. OU REKONÈT EPI OU DAKÒ SÈL REKOU EKSKLIZIF OU GENYEN POU NENPÒT DISPIT AK SHIELD GROUP TECHNOLOGIES EPI KONTE PALM BEACH, FL SE POU SISPANN ITILIZE COMBATCOVID EPI ANILE KONT OU AN.

SÈTEN JIRISDIKSYON PA OTORIZE EKSKLIZYON SÈTEN GARANTI NI RESTRIKSYON OUBYEN EKSKLIZYON SÈTEN TIP DOMAJ. KIDONK, SÈTEN RESTRIKSYON PAMI SA KI ANLÈ NAN SEKSYON SA A GENDWA PA APLIKAB POU OU.

5.4. Endemnizasyon. Ou pral endemnize, sove epi pa mete responsabilite sou do Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL, afilye li yo, kontraktyèl, anplwaye, ajan, direktè, avoka, tyès pati, sou-kontraktyèl oubyen nenpòt lòt pati oswa antite ki afilye ak Shield Group Technologies, LLC oswa Konte Palm Beach, FL, nan nenpòt kapasite ak founisè tyè, moun yo pa yo lisans ak patnè li yo poutèt nenpòt reklamasyon, pèt, domaj, responsabilite sivil, ki gen ladann chaj legal ak depans, poutèt oubyen ki gen pou wè ak fason ou itilize oswa mal itilize CombatCOVID, nenpòt vyolasyon ou fè dapre Kondisyon Sèvis sa yo, oubyen nenpòt vyolasyon deklarasyon, garanti ak antant ou te aksepte nan Kondisyon sa yo. Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL rezève dwa a, men depans lan se pou w, pou asime defans eksklizif ak kontwòl nenpòt zafè kote ou oblije endemnize Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL, epi ou dakò pou kowopere ak agiman defans Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL yo konsènan reklamasyon sa yo. Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL pral fè efò rezonab pou notifye w konsènan reklamasyon, pwosè oswa pousuit sa a depi yo vin konnen de egzistans li. Ou dakò pou pwovizyon ki nan paragraf sa a pral siviv nenpòt fèmti kont ou oswa sispansyon CombatCOVID.

Anplisdesa, Shield Group Technologies pral pwoteje, defann, ranbouse, endemnize epi pa mete responsabilite sou do Konte Palm Beach, FL, ajan, anplwaye ak ofisye eli li yo pou ak kont tout reklamasyon, responsabilite, depans, pèt, depans, domaj oswa motif pouswit nenpòt ki tip oswa nati, sa ki gen ladann chaja k depans pou avoka, kèlkeswa si se nan pwosè oubyen onivo kontestasyon (apèl) oubyen lòt fason toujou, ki an rapò, ki baze sou ki konekte nan nenpòt fason ak aplikasyon CombatCOVID la oubyen akòz akt oswa omisyon Shield Group Technologies.  Nenpòt ak tout dispit ant Konte Palm Beach ak Shield Group Technologies dwe plwaye devan lwa Eta Florid yo. Nenpòt pouswit jidisyè pral fèt devan yon tribinal ki gen konpetans pou tande zafè a ki chita nan Konte Palm Beach, Florida.  Lè li enkli paragraf sa a nan kondisyon yo founi an rapò ak aplikasyon CombatCOVID la, sa vle di Shield Group Technologies afime ak tout fòs epi li dakò ak kondisyon sa yo.

AKÒ ARBITRAJ

6.1. Arbitraj. Tanpri pran san ou pou li akò arbitraj ki annapre a nan Seksyon 6 (“Akò Arbitraj”). Sa mande pou ou chèche arbitraj pou dispit ak Shield Group Technologies epi Konte Palm Beach, FL, konpayi mè, filyal, afilye, siksesè ak moun li asiyen yo, epi ak tout ofisye, direktè, anwplaye, ajan, tyès pati respektiv li yo, elatriye, ak preprezantan li yo (tout ansanm se “Pati Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL yo”) epi limite fason ou kapab chèche jwenn yon sekou kont Pati Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL yo.

6.2. Applikasyon Akò Arbitraj la. Ou dakò pou nenpòt dispit, reklamasyon oswa kontwovès ki baze oswa ki an rapò nenpò fason ak jan ou aksede oswa itilize CombatCOVID, nenpòt kominikasyon ou resevwa grasa oubyen ki an rapò ak CombatCOVID, oubyen Kondisyon sa yo (tankou pa egzanp Akò Arbitraj sa a), pral rezoud eksklizivman grasa arbitraj ki lye pati yo sou yon baz endividyèl, olye pou se devan yon tribinal. Pati Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL yo gendwa chèche jwenn rekou ekitab devan tribinal pou vyolasyon oubyen lòt move itilizasyon dwa pwopriyete entelektyèl (tankou mak komèsyal, apelasyon komèsyal, non domèn, sekrè komèsyal, dwa dotè ak patant). Akò Arbitraj sa a pa anpeche w pote pwoblèm a latansyon de ajans federal, Eta oswa lokal yo. Ajans sa yo kapab, si lalwa otorize l, chèche sekou kont Pati Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL nan plas ou.

LÈ OU AKSEPTE ARBITRAJ AK PATI SHIELD GROUP TECHNOLOGIES AK KONTE PALM BEACH, FL YO, OU AKSEPTE ALAVANS OU P AP PATISIPE NI CHÈCHE JWENN SEKOU MONETÈ OUBYEN LÒT REKOU NAN NENPÒT POWSÒ OSWA POUSUIT KI PREZANTE KONT NEN PATI SHIELD GROUP TECHNOLOGIES AK KONTE PALM BEACH, FL, KI PREZANTE REKLAMASYON YON KATEGORI MOUN, LITIJ MULTI-DISTRI, KOLEKTIF EPI/OSWA REPREZANTATIF NAN PLAS OU. ALAPLAS, LÈ OU AKSEPTE ARBITRAJ, OU GENDWA POTE REKLAMASYON OU AN KONT SHIELD GROUP TECHNOLOGIES AK KONTE PALM BEACH, FL SÈLMAN NAN YON POUSUIT ARBITRAJ ENDIVIDYÈL. SI OU OBTENI GEN DE KOZ POU REKLAMASYON SA YO, YON ARBIT TA KA BA W LAJAN OUBYEN YON LÒT REKOU TOUJOU. OU REKONÈT YO TE DI OU KAPAB KONSILTE YON AVOKA POU DESIDE SI OUTA DWE AKSEPTE KONDISYON SA YO, KI GEN LADANN AKÒ ARBITRAJ SA A.

6.3. Règ ak Fowòm Arbitraj la. Lwa sou Arbitraj Federal (Federal Arbitration Act) reji entèpretasyon ak mizanplas Akò Arbitraj la. Pou kòmanse yon pwosedi arbitraj, ou dwe voye yon lèt ki mande arbitraj epi ki dekri reklamasyon ou an bay:

Shield Group Technologies
3801 PGA Boulevard

Palm Beach Gardens, FL 33410

Se JAMS, yon founisè altènatif pou rezolisyon dispit ki gen bon repitasyon, pral òganize arbitraj la epi li baze a Miami, Florida. Dispit yo ki gen pou wè ak reklamasyon ak kont-reklamasyon ki mwens pase $250,000.00, anwetan chaj avoka yo ansanm ak enterè yo, dwe respekte vèsyon pi resan Règ Rasyonalize pou Arbitraj (Streamlined Arbitration Rules) JAMS la ansanm ak règ ak pwosedi yo ki disponib nan http://www.jamsadr.com/rules-streamlined-arbitration/; tout lòt reklamasyon yo dwe respekte vèsyon ki pi resan Règ ak Pwosedi Konplè (Comprehensive Arbitration Rules and Procedures) JAMS, ki disponib nan http://www.jamsadr.com/rules-comprehensive-arbitration/. Règ JAMS yo disponib tou nan jamsadr.com oubyen rele JAMS nan 800-352-5267. Si JAMS pa disponib pou arbitre, pati yo pral chwazi yon fowòm arbitral altènatif. Nenpòt jijman osijè santans arbit la bay gendwa prezante nan nenpòt tribinal ki gen konpetans pou tande zafè a.

6.4. Otorite Arbit la. Arbit la, epi pa okenn tribinal oswa ajans federal, Eta oswa lokal, pral gen otorite ekskliziv pou detèmine pòte ak nan ki degre yo kapab mete anplas Akò Arbitraj la epi (b) rezoud nenpòt dispit ki gen pou wè ak entèpretasyon, aplikasyon ak mizanplas oswa fòmasyon Akò Arbitraj sa a, ki gen ladann men se pa sa sèlman, nenpòt reklamasyon kòmkwa tout oswa nenpòt pati nan Akò Arbitraj sa a nil oswa anilab. Arbitraj la pral deside dwa ak responsabilite yo, si genyen, pou w ak pou Pati Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL. Pwosedi arbitraj la p ap konsolide ak okenn lòt zafè ni regwoupe ak okenn lòt dosye oubyen pati. Arbit la pral gen otorite pou apwouve mosyon ki tranche tout oswa yon pati nan nenpòt reklamasyon. Arbit la pral gen otorite pou apwouve domaj-enterè monetè epi pou apwouve nenpòt solisyon ki pa monetè oswa rekou ki disponib pou yon moun anba lwa ki aplikab la, règ fowòm arbitral la ak Kondisyon sa yo (ki gen ladann Akò Arbitraj la). Arbit la pral emèt yon santans alekri ki kontni desizyon an ki dekri prèv ak konklizyon esansyèl yo ki sèvi kòm baz pou santans la, ikonpri kalkil nenpòt domaj ki te apwouve. Arbit la gen menm otorite pou apwouve rekou a sou yon baz endividyèl ke yon jij nan yon tribinal ta genyen. Santans arbit la final epi li lye w ansanm ak Pati Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach County, FL yo.

6.5. Rdenonsyasyon yon Pwosè ak Jiri. OUMENM AK PATI SHIELD GROUP TECHNOLOGIES AK KONTE PALM BEACH, FL PALAPREZANT RENONSE NENPÒT DWA KONSTITISYONÈL AK ESTATITÈ POU POUSUIV AN JISTIS DEVAN YON TRIBINAL EPI POU GEN YON PWOSÈ DEVAN YON JIJ OUBYEN YON JIRI. Oumenm ak Pati Shield Group Technologies epi Konte Palm Beach, FL yo alaplas n ap chwazi pou arbitraj rezoud tout reklamasyon ak dispit yo dapre Akò Arbitraj sa a, eksepte jan sa endike nan Seksyon 6.2 anlè a. Yon arbit kapab apwouve sou yon baz endividyèl menm domaj ak rekou tankou nan yon tribinal epi li dwe respekte Akò Arbitraj sa a menmjan yon tribinal ta fè l. Sepandan, pa gen okenn jij ni jiri nan arbitraj la, epi yon tribinal kapab fè yon reziyon ki trè limite sou santans arbitral la.

6.6. Renonsyasyon Posuit Gwoup Moun oswa Pwosè Konsolide. LÈ W TOUNEN YON PAI NAN AKÒ ABITRAJ SA A, OUMENM AK CHAK PATI SHIELD GROUP TECHNOLOGIES AK KONTE PALM BEACH, FL YO AKSEPTE POU CHAK KA POTE REKLAMASYON KI ANNDAN PÒTE AKÒ ABITRAJ SA A SÈLMAN SOU YON BAZ ENDIVIDYÈL EPI PA KÒM DEMANDÈ OSWA MANM YON GWOUP NAN OKENN PRETANDI POUSUIT GWOUP OSWA REPREZANTATIF. TOUT REKLAMASYON AK DISPIT  KI ANTRE NAN PÒTE AKÒ ARBITRAJ SA A DWE ARBITRE SOU YON BAZ ENDIVIDYÈL EPI PA SOU LABAZ REKLAMASYON AN GWOUP, KOLEKTIF OSWA REPREZANTATIF, SE SÈL REKOU ENDIVIDYÈL KI DISPONIB, EPI REKLAMASYON POU PLIS KE YON KLIYAN OSWA ITILIZATÈ PA KA ARBITRE NI KONSOLIDE AK REKLAMASYON NENPÒT LÒT KLIYAN OSWA ITILIZATÈ. Si gen yon desizyon ki di ke lwa ki aplikab la anpeche mizanplas nenpòt restriksyon nan paragraf sa a pa rapò ak yon reklamasyon done pou rekou, alòs yo dwe detache reklamasyon an de arbitraj la epi prezante li devan yon tribinal ki gen konpetans pou tande zafè sa a. Tout lòt reklamasyon yo pral abitre.

6.7. Divizibilite. Si yo jwenn nenpòt pati nan Akò Abitraj sa a pa valab oswa yo pa kapab mete li anplas dpre lalwa, alòs pati espesifik sa a/(yo) p ap gen okenn efè epi yo pral detache li epi rès Akò Abitraj la pral kontinye aplikab nèt.

6.8. Sirvi Akò Arbitraj la. Akò Arbitraj sa a pral siviv aprè yo met fen nan relasyon ou ak Shield Group Technologies epi Konte Palm Beach, FL.

6.9. Modifikasyon. Malgre nenpòt pwovizyon kontrè nan Kondisyon sa yo, nou dakò si Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL fè nenpòt chanjman enpòtan nan Akò Abitraj sa a, ou gendwa rejte chanjman nan trant (30) jou apre chanjman sa a te vin anplas; pou fè sa, ekri Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL nan adrès ki annapre a: Shield Group Technologies and Palm Beach County, 3801 PGA Boulevard, Palm Beach Gardens, FL 33410.

DIVÈS DISPOZISYON

7.1. Atribisyon. Tout dwa ak obligasyon Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL dapre Kondisyon sa yo ak Politik Pwoteksyon Lavi Prive Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL atribyab libelibè pa Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL, an totalite oswa an pati, bay nenpòt moun oubyen antite nenpòt lè oubyen san konsantman ou an, ikonpri bay nenpòt nan afilye nou oswa an koneksyon ak yon fizyon, yon akizisyon, spinoff, restriktirasyon oswa vant avwa, pa aplikasyon lalwa oubyen yon lòt fason, epi Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL gendwa transfere kont ou an bay nenpòt nan antite siksesè, achtè avwa oubyen nouvo pwopriyetè ki pral dwe respekte Politik Pwoteksyon Lavi Prive nou an. Ou p ap transfere okenn nan dwa oswa obligasyon ou yo dapre Akò sa a bay okenn lòt moun san konsantman preyalab alekri Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL, epi nenpòt asiyasyon ak delegasyon ou pa t otorize nil ak san efè.

7.2. Politik Siplemantè yo. Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL gendwa pibliye politik adisyonèl ki gen pou wè ak sèvis espesifik li ofri. Dwa w pou itilize sèvis sa yo dwe plwaye devan politik espesifik y oak Kondisyon Sèvis sa yo.

7.3. Divizibilite. Sof jan sa dekri nan 2 dènye fraz ki nan Seksyon 6.6, oumenm ak Shield Group Technologies epi Konte Palm Beach, FL dakò ke si nenpòt tribinal ki konpetan deklare nenpòt pati nan Kondisyon Sèvis sa yo oubyen nan Politik Pwoteksyon Lavi Prive Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL a ilegal oswa li pa ka mete l anplas, an totalite oswa an pati, pwovizyon sa a, sou teritwa jiridiksyonèl sa a, pral san efè sèlman nan mezi detèminasyon oswa envalidite oswa enposibilite pou mete l anplas san afekte validite oswa posibilite pou mete anplas pwovizyon an nan nenpòt lòt fason oswa nan nenpòt teritwa epi san afekte rès pwovizyon Kondisyon yo, ki pral kontinye gen tout efè yo.

7.4. Tout Akò a. Kondisyon sa yo, nenpòt politik konplemantè, ak nenpòt dokiman ki entegre ekspreseman par referans nan dokiman sa a (ki gen ladann Politik Pwoteksyon Lavi Prive Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL an), kontni tout antan ki genyen ant oumenm ak Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL epi li ranplase tout antant ki te genyen anvan yo ant pati yo pou Kondisyon sa yo, ki gen rapò ak objè Kondisyon sa yo, kèlkeswa si se pa mwayen elektwonik, aloral oswa alekri, oubyen si se lakoutim, lapratik oswa yon presedan ki etabli li, ant oumenm avè nou konsènan CombatCOVID.

7.5. Fòmilasyon Kondisyon Sèvis sa yo. Si nou ba w yon tradiksyon vèsyon nan lang Anglè Kondisyon sa yo, Politik Pwoteksyon Lavi Prive Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL oubyen nenpòt lòt politik, alòs ou dakò ke tradiksyon an la pou obejtif entènasyonal sèlman epi li pa modifye vèsyon nan lang Anglè a. Sizoka ta gen yon konfli ant yon tradiksyon ak vèsyon ann Anglè a, se vèsyon ann Anglè a ki pral gen priyorite.

7.6. Pa gen Renonsyasyon. Si Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL pa egzije oswa bay lòd pou ou egzekite estrikteman nenpòt pwovizyon nan Kondisyon Sèvis sa yo oswa nan Politik Pwoteksyon Lavi Prive Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL a oubyen si yo pa egzèse nenpòt ki dwa dapre dokiman sa yo, yo pa entèprete omisyon sa a kòm yon renonsyasyon oswa abandon dwa Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL pou afime oswa baze li sou pwovizyon sa a oswa sou dwa sa a pandan enstans sa a oubyen nan nenpòt lòt enstans. Renonsyasyon eksprès Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL de nenpòt pwovizyon, kondisyon oubyen egzijans Kondisyon Sèvis oswa Politik Pwoteksyon Lavi Prive Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL p ap konsititye okenn renonsyasyon pou nenpòt obligasyon fiti pou egzekite pwovizyon, kondisyon oswa egzijans sa a.

7.7. Amannman. Sof jan sa aplike ekspreseman ak espesifikman nan Kondisyon Sèvis sa yo, okenn afimasyon, deklarasyon, konsantman, renonsyasyon oswa lòt aksyon oswa omisyon par nenpòt nan pati yo pral entèprete kòm yon modifikasyon Kondisyon Sèvis sa yo epi yo p ap enpoze yo legalman, eksepte si yo dokimante fizikman alekri. Pou pwovizyon sa a, “alekri” pa enkli yon mesaj imèl epi yon siyati pa enkli yon siyati elektwonik.

7.8. Avi yo. Nou gendwa notifye w grasa afichaj nan CombatCOVID oubyen atravè lòt mwayen kominikasyon grasa enfòmasyon kontak ou bannou yo. Tout avi yo ba w oswa yo mande w bay dapre Kondisyon Sèvis sa yo oswa Politik Pwoteksyon Lavi Prive CombatCOVID la pral fèt alekri epi voye yo bay: Shield Group Technologies and Palm Beach County, FL 3801 PGA Boulevard, Palm Beach Gardens, FL 33410. Nenpòt avi ou bay san ou pa konfòme w ak Seksyon 7.8 sa a p ap gen okenn efè jiridik.

7.9. Rekou nan Lekite. Ou rekonèt ke dwa yo ak obligasyon ki kreye dapre Kondisyon Sèvis yo pou Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL inik epi iranplasab, epi si Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL te pèdi yo sa te kreye yon domaj ki ireparab pou yo epi domaj-enterè monetè pa ta ka ranplase pou kont yo. Kidonk, Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL gen dwa pou benefisye enjonksyon oswa lòt rekou nan lekite (san obligasyon pou afiche okenn kosyon oswa prèv domaj yo) sizoka ta gen nenpòt vyolasyon oswa eksepsyon inegzekisyon ou ta responsab. Ou renonse irevokableman tout dwa pou jwenn yon enjonksyon oubye rekou nan lekite oubyen pou òdone oswa restrenn fonksyonman CombatCOVID oubyen nenpòt aplikasyon Shield Group Technologies and Palm Beach County, FL, eksplwatasyon nenpòt piblisite oubyen lòt materyo yo emèt an rapò ak sa, oubyen ekplwatasyon CombatCOVID oubyen nenpòt kontni oswa lòt materyo yo itilize oubyen afiche grasa CombatCOVID epi ou dakò pou limite reklamasyon ou yo pou reklamasyon ppou domaj monetè sèlman, ki limite nan Seksyon 5 (si genyen).

7.10. Force Majeure. Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL p ap responsab pou nenpòt reta oswa omisyon nan egzekisyon ki akòz rezon  Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL pa ka kontwole, ikonpri men se pa sa sèlman nenpòt omisyon egzekisyon dapre dokiman sa a akòz sikonstans moun pa t prevwa oswa kòz Shield Group Technologies ak Konte Palm Beach, FL pa ka kontwole, tankou evènman fòs majè, lagè, teworism, emet, anbago, akt otorite sivil oswa militè, dife, inondasyon, aksidan, pann rezo enfrastrikti, grèv oubyen pa gen ase enstalasyon transpò, fyoul, elektrisite, mendèv oubyen materyo.

7.11. Avi pou Itilizatè yo ki California. Dapre Seksyon 1789.3 Kòd Sivil California a, itilizatè CombatCOVID ki California gen dwa pou resevwa vi sou dwa konsomatè espesifik ki annapre a: Inite Asistans pou Plent ki nan Divizyon Sèvis Konsomatè a gendwa kontakte alekri nan adrès sa a:

Complaint Assistance Unit

Division of Consumer Services

California Department of Consumer Affairs

1625 North Market Blvd., Suite N 112

Sacramento, CA 95834,

oubyen nan telefòn nan (916) 445–1254 oswa nan (800) 952–5210. Ou gendwa kontakte nou nan:

Shield Group Technologies and Palm Beach County,

FL 3801 PGA Boulevard,

Palm Beach Gardens, FL 33410.

7.12. Dwa ki Aplikab. Lwa Eta Florid, Etazini Damerik, pral jere Kondisyon sa yo, san teni kont de prensip konfli lwa yo. Kòd Komèsyal Inifòm la, Lwa Inifòm sou Tranzaksyon Enfòmasyon sou Konpitè (Uniform Computer Information Transaction Act), ak Konvansyon Nasyon Ini pou Kontwòl pou Vant Machandiz Entènasyonal (United Nations Convention of Controls for International Sale of Goods) p ap aplike.

7.13. Konpetans Ekskliziv. Nan lamezi Kondisyon sa yo pèmèt ou oswa nou pou demare yon litij devan yon tribinal, ni oumenm ak ni noumenm nou dakò pou tout reklamasyon ak dispit yo (kèlkeswa si se sou labaz yon kontra, responsabilite sivil oubyen sou nenpòt lòt fondman), ikonpri reklamasyon ak dispit estatitè, ki baze oswa ki gen pou wè ak Kondisyon yo oubyen itilizasyon CombatCOVID pral prezante devan tribinal Eta a oswa federal yo ki sitye nan Konte Palm Beach nan Eta Florid. Ni oumenm ak noumenm nou bay konsantman nou pou aksepte konpetans jiridiksyonèl tribinal sa yo.

Anplas apatide: 25 jen 2020